Pas disponible pour votre appareil

Google Drive #1

Premye pati google drive

Nan premye pati kou sa n'ap prezante ou sevis google drive ak tout avantaj ke li ofri ou gratis sou odinate ak telefon

Kisa google drive lan ye ?

Google drive se yon sevis ke google bay ak tout itilizatè ki gen yon kont gmail, si ou gen yon telefon android, ou gen akse ak playstore sèke ou gen yon kont gmail ki deja kreye sou android ou.

e si tout fwa ou pa ta ko genyen yon konn Gmail ou ka jis klike sou lyen sa kounye, pou ale aprann kreye yon kont gmail, ki daja gratis, wap jwenn tout eksplikasyon yo an detay e byen eksplike.

Google drive se yon sevis stokaj li ye, se kom yon diskedi ou byen yon kle USB, men avantanj, se ke li kapab stoke an liy, ki vle di nan yon andwa yo rele cloud ki sevi ak entenet, kom nou te di ou, pou gen akse , fok ou gen yon kont gmail.

Google drive gen yon paket lot sevis ke li bay tou, tankou sevis birotik yo ki se :

  • Google Docs ki reprezante Word
  • Google sheets ki reprezante Excel
  • Google slide ki reprezante powerpoint
  • Google form ki se yon pati ki pemet ou kreye fomile enskripsyon

Rezime kou a

Google drive se yon sevis ki pemet ou stoke done ou an liy

Pou gen akse ak google drive fok ou gen yon kont gmail

Google drive itilize sevis biwotik yo tankou

  • Google Docs ki reprezante Word
  • Google sheets ki reprezante Excel
  • Google slide ki reprezante powerpoint
  • Google form ki se yon pati ki pemet ou kreye fomile enskripsyon

Premye pati kou a fini, si ou satisfe, klike la pou ka ale nan pati de kou a. Pati 2

6 commentaires: