Pas disponible pour votre appareil

Google drive leson #2

 Entèfas Google Drive sous android

Nan pati sa nou pral presante ou tout pati google drive sou yon telefòn android.

An general, sou yon android, google drive genyen 4 pati

  1. zòn rechèch lan ki gen yon bouton meni a goch ak bouton pwofil ou ki sou bò dwat
  2. zòn onglè ki gen pati Drive lan ak òdinete, si tout fwa ou senkronizel
  3. biro a, kise espas vid lan, se la tout fichye ak dosye yo ap parèt
  4. ba meni anban, ki genyen plizyè bouton ladann, ke nou ap montrew nan yon videyo

Nan ba de rechech lan, lè ou klike sou bouton ki a goch lan, wap ouvri yon meni ki genyen

  1. " Recent " li afiche tout fichye ke ou te fenk ap travay ak dosye
  2. "Hors Connexion" ki pèmèt ou itilize drive san koneksyon entènèt
  3. "Corbeille" ki gen tout fichye ak dosye ke ou te efase , ou pat bezwen
  4. "Spam" ki se yon espas ki la pou resevwa mesaj endezirab oubyen lòt
  5. "Sauvegardes" ki pèmèt ou fè yon anrejistreman de tout sa ki sou tèl ou an
  6. "Parametres" ki pèmèt ou ale fè chanjman nan drive, menm jan ak yon telefòn
  7. Eksetera...

An gwo google drive ba ou 15 Go de stockaj, yon fason pou anrejistre plizyè fichye ki sou telefòn ou ak òdinatè ou an liy, men si tout fwa ou ta bezwen plis memwa ou ka achte.


Toujou nan ba de rechèch lan, lè ou klike sou bouton ki sou bò dwat lan, li voye ou, nan espas kote ou ka wè, sou ki email ou konekte ak google drive, paske ou ka gen plizyè email sou yon sèl telefòn.

pou plis detaiy, ale gade videyo sa kounye a, klike la pou li videyo a.

3 commentaires: